Sijè ki nan nouvèl

La a w ap jwenn atik ki enterese moun kounye a — nouvo pwogram, enstriksyon resan oswa rapèl ki vin nan bon moman yo.

Mizajou enpo ak nouvèl ki soti nan IRS

Paj Mizajou enpo ak nouvèl ki soti nan IRS la fèt pou ede nenpòt moun, kit y ap prepare deklarasyon enpo yo kounye a, oswa y ap tann tretman yon deklarasyon, oswa yon ranbousman ak dènye mizajou sou lèt IRS yo ak avi yo. Li genyen tou nouvo mizajou yo pral parèt nan tèt paj sa a. IRS pral bay enfòmasyon enpòtan tou atravè rezo sosyal yo.

Dat limit pou kontribyab U.S. k ap viv aletranje ranpli

IRS raple kontribyab k ap viv ak travay aletranje (an anglè) yo gen jiska lendi 16 jen 2025 pou ranpli deklarasyon enpo federal 2024 yo epi peye nenpòt enpo ki dwe. Dat limit sa a aplike pou tou de sitwayen ameriken ak rezidan etranje yo (an anglè), ki gen ladan moun ki gen doub sitwayènte.

Aplikasyon pou sibvansyon pou pwogram TCE ak VITA yo

IRS ap aksepte aplikasyon (an anglè) pou sibvansyon Konsèy Enpo pou Moun Aje yo (TCE) ak Asistans Enpo sou Revni Volontè (VITA). Sibvansyon sa yo pèmèt òganizasyon ki kalifye yo aplike pou finansman anyèl pou bay asistans gratis nan preparasyon deklarasyon enpo federal pou yon maksimòm twa zan. Yo ap aksepte aplikasyon sou Grants.gov (an anglè) apati 1ye me 2025 rive 31 me 2025.

To enterè pou twazyèm trimès 2025 la

To enterè yo ap rete menm jan (an anglè) pou trimès kalandriye a kòmanse 1ye jiyè 2025. Pou moun, to pou peman anplis ak peman ki pa ase ap 7% pa ane,ogmante chak jou.

Pwoteje dokiman enpòtan kont katastwòf natirèl

Katastwòf ka gen enpak imedya e dirab sou moun, òganizasyon ak biznis yo. Li enpòtan pou n prepare nou pandan tout ane a. IRS raple kontribyab yo piske peryod ki pi aktif pou gen katastwòf la ap pwoche, se depi kounye a pou kontribyab yo panse pwoteje enfòmasyon finansye ak enpo ki enpòtan (an anglè) nan kad yon plan ijans pou katastwòf.

Kontribyab yo ta dwe tcheke retni yo kounye a pou ane pwochen

Bon jan prelèvman enpo depi kounye a se kle pou evite sipriz lè w ap ranpli deklarasyon enpo ane pwochen. Estimatè Prelèvman Enpo IRS la se yon zouti gratis sou entènèt ki ede travayè yo, kontraktè endepandan ak retrete yo detèmine si yo gen bon kantite enpo sou revni federal prelve nan peman yo revevwa.

Èske w te rate dat limit mwa avril pou ranpli enpo a?

IRS ankouraje kontribyab ki rate dat limit la pou yo (an anglè) soumèt deklarasyon enpo yo pi vit posib. Moun ki rate dat limit pou ranpli men ki dwe enpo yo ta dwe ranpli alè pou evite plis penalite ak enterè. Mande yon pwolongasyon pèmèt plis tan pou ranpli men pa pou peye enpo ou dwe. Moun ki dwe enpo yo ta dwe ranpli deklarasyon enpo yo epi peye yo pi vit ke yo kapab.

Arkansas ak Tennessee kalifye pou soulajman enpo pou katastwòf

IRS te anonse soulajman enpo pou moun ak biznis nan eta Arkansas (an anglè) ak Tennessee (an anglè) ki te afekte pa gwo tanpèt, tònad ak inondasyon ki te kòmanse nan dat 2 avril 2025 lan. Kounye a, kontribyab sa yo, ki enkli moun k ap depoze fòm 1040, gen jiska 3 novanm 2025, pou yo ranpli plizyè deklarasyon enpo federal pou moun ak biznis epi fè peman enpo.

Kont Endividyèl IRS sou Entènèt

Li pa twò ta pou jwenn aksè oswa kreye yon Kont Entènèt IRS endividyèl (an anglè). Yon Kont sou Entènèt IRS fè li fasil pou moun jwenn enfòmasyon rapid sou planifikasyon enpo yo bezwen.

Nan kòmansman ane sa a, IRS te ajoute kapasite pou kontribyab yo ranpli enpo yo lè yo ajoute dokiman pou ranpli yo (an anglè) nan Kont Endividyèl IRS yo, sa ki ede konsolide dosye enpo enpòtan yo nan yon sèl kote dijital. Lè w ajoute fòm sa yo nan Kont Entènèt Endividyèl IRS la, sa amelyore kapasite kontribyab yo pou yo jwenn aksè rapid ak an sekirite nan enfòmasyon planifikasyon enpo yo epi senplifye swivi yo.

Douzèn Delwayal fwòd enpo pou ane 2025

IRS la te anonse lis anyèl Douzèn Delwayal li yo nan fwòd enpo pou ane 2025 la ak yon avètisman pou kontribyab, biznis ak pwofesyonèl enpo yo veye kont konplo komen, sòti nan konplo imel rive nan kredi enpo twonpri.

Zouti sou entènèt IRS

Avèk sezon ranpli enpo 2025 la k ap dewoule ak gwo demann antisipe pou liy telefòn IRS yo, IRS ankouraje kontribyab yo vizite IRS.gov epi sèvi ak zouti sou entènèt (an anglè) pou jwenn repons imedya pou kesyon enpo yo. Resous sou entènèt yo enkli paj Kite nou ede w w ki kouvri pifò sijè pou sezon ranpli ak lwen ak èd gratis sou entènèt ak opsyon oto-sèvis.

Anplis de sa, IRS bay zouti pou ede kontribyab yo pran desizyon enfòme epi chwazi bon pwofesyonèl enpo pou ede yo evite vòl idantite ki gen rapò avèk enpo ak domaj finansye. Pandan ke pifò moun k ap prepare deklarasyon enpo yo fè konfyans epi yo bay bon jan kalite sèvis, gen kèk ki angaje yo nan fwod, vòl idantite ak èskrokri. Kontribyab yo dwe konprann ki moun y ap anboche epi poze bon kesyon yo anvan yo remèt enfòmasyon pèsonèl ak finansye sansib yo.

Nouvo oryantasyon sou tretman enpo nan sèten pwogram konje

IRS te bay konsèy sou tretman enpo sou revni ak travay sou (an anglè) kontribisyon ak benefis yo peye nan sèten sitiyasyon anba yon pwogram konje pou fanmi ak medikal leta peye, ansanm ak egzijans ki asosye a deklarasyon yo.

Nouvo egzijans enskripsyon otomatik po plan 401(k) ak 403(b)

Depaman Trezò a ak IRS pibliye règ pwopoze (an anglè) konsènan lwa SECURE 2.0 Act la, sa enkli yon provizyon jeneral ki egzije plan 401(k) ak 403(b) ki fèk etabli pou yo enskri anplwaye ki elijib yo otomatikman apati plan ane 2025 lan.